The great Haitian Revolution of 1804 led to the ending of slavery in the Americas and established the first Black Republic. They gave support and refuge to Bolivar the liberator of Latin America. The Haitian grassroots have paid a huge price for their spirit of resistance and determination. Today, Haiti is the most impoverished country in the Americas and hundreds are being killed, raped and maimed. US police and army train and provide the military equipment for these government-backed massacres. Haitian Lives are treated as though they don’t matter.

Kampay Pou Moun Pòv yo
Apèl Nasyonal pou Retablisman Moral

Lèt Solidarite pou Pèp Ayisyen kap lite pou demokrasi, kont lamizè, vyolans ak represyon

Gwo revolisyon ayisyen an nan lane 1804 te mennen nan finisman esklavaj nan tout Amerik la epi etabli premye Repiblik Nwa. Yo te bay Bolivar, liberatè Amerik Latin nan, sipò ak refij. Pèp ayisyen an te peye yon gwo pri pou lespri rezistans akdetèminasyon li. Jodi a, Ayiti se peyi a ki pi apovri nan tout Amerik la epi plizyè santèn moun ap viktim anba asasinay, kadejakak andomajman. Lapolis ak lame Etazini ap bay fomasyon ak ekipman militè pou masak ke gouvènman ayisyen ap sipote. Yo trete lavi ayisyen kòmsi yo pa vo anyen.

Kampay pou Moun Pòv yo genyen kòm pwen prensipal pwogram li an pozisyon l kont move zak tankou rasis, povrete, degaekolojik, ekonomi ki chita sou lagè ak vizyon moral peyi a ki defòme. Soufrans pèp ayisyen an parèt aklè nan tout pwen prensipal ki lan pwogram PPC a, sitou pwen sa yo ki gen rapò avèk povrete epi ekonomi ki chita sou lagè a. Bi kampayPPC:NCMR se pou fini ak povrete toupatou. Nou konnen li enpotan anpil pou fini ak povrete pa sèlman nan peyi Etazini an, men toupatou lan mond lan. Koudeta ke Etazini te apiye an Ayiti yo, se te menm kalite soufrans yo te fè moun yo sibi lan peyi Ondiras, El Salvador ak Gwatemala, plizyè milye moun te oblije kouri kite peyi yo sèlman pou yo te fè yo tounen lè yo rive sou fwontyè ameriken an, pran pitit yo nan men yo, kenbe yo Etazini nan kondisyon brital ak tòti inimen.

Oganisasyon peyizan an Ayiti, lan dat 31 me 2020, te soti ak yon deklarasyon (https://haitisolidarity.net/solidarity-from-haiti/) an solidarite ak mouvman Lavi Moun Nwa Gen Vale (Black Lives Matter) lan peyi Etazini: “Men lan men an nou batay ansanm pou nou fini ak rasis ak lenjistis. Nou denonse, ak tout fòs nou, britalite polisye yo ap fè sou pèp Ameriken an kap manifeste pou mande jistis… Se konsa polisye ayisyen yo kon aji ak britalite kont pèp la… Se polisye meriken ak kanadyen ki fòme polisye peyi Dayiti yo… ”

Angajman:

“Kanpay Moun Pòv yo lan Kalifòni: Yon Apèl Nasyonal pou yon Retablisman Moral, kanpe djanm ak mouvman popilè pou demokrasi an Ayiti, nan travay nap fè yo pou fini ak povrete, rasis, ekonomi ki chita sou lagè, ak dega ekolojik toupatou. Nou pwomèt pou nou leve vwa pèp ayisyen an lan kesyon lamizè, lòt vyolans ak soufrans nap sibi ansanm ak lespri rezistans istorik pèp la nan aktivite nap fè yo epi lan messaj nap voye yo. “ 

Kontèks

Gouvènman ayisyen ki sou pouvwa kounye a te enstale lan yon fo eleksyon ke Etazini te apiye. Li te patisipe nan disparisyon plizyè milya dola peyi Venezyela te prete Ayiti.

  • Dapre Oganizasyon Mondyal Lasante, 65% nan popilasyon an ap viv lan mizè. Majorite Ayisyen, selon Borgen Project, ap viv ak mwens pase $ 2 pa jou.
  • Pèp Ayisyen an gen yon tradisyon lite ki date depi Revolisyon yo te fè an 1804. Nan lane 2019 ak 2020 yo te ogmante rezistans yo kont koripsyon, lamize ak vyolans ke gouvènman an ap sipòte. Dè santèn de milye te pran lari; plizyè fwa yo te fèmen tout peyi a, sa te fòse Etazini pou sispann vòl avyon an Ayiti.
  • An repons, gouvènman ayisyen an te deplwaye kò polis militarize ak eskwadwon lanmò. Plizyè santèn moun te masakre, fanm ak tifi te subi kadejak, kay ak kominote boule anba yon rejim laterè ki fè moun sonje “Tonton Makout” yo nan tan diktatè Divalye-yo. Kòm yon fanm nan youn nan katye a te di, “moun ki mouri yo mwen wè pa gen okenn zam nan men yo, yo se moun pòv tankou m ‘.”
  • Madi lan dat 23 jen 2020, Etazini retounen an Ayiti, yon lidè eskwadwon lanmò tout moun konnen, Toto Constant, ki te nan prizon nan peyi Etazini. Constant se moun ki te dèyè masak plizyè milye Ayisyen apre premye koudeta kont prezidan Aristide ke Etazini te apiye. Mouvman an te konnen ke pale ki tep fèt sou retou sa ta pral yon siyal pou ogmantasyon nan atak mòtèl kont yo, epi se sa menm ki te pase.
  • Rapò ki soti nan medya yo ak kèk òganizasyon dwa moun rapòte ke vyolans kont popilasyon sivil la se lagè gang kont gang. Sepandan Nasyonzini ak òganizasyon dwa moun te bay prèv ke vyolans lan deklanche pa eskwadwon lanmò ki konekte ak gouvènman an.

“Moun an Ayiti vle lavi, yo pa vle lanmò. Yo vle lapè, yo pa vle vyolans. Yo vle demokrasi, yo pa vle represyon. ” —Jean Bertrand Aristide.

 Istorik

Jean-Bertrand Aristide, yon ansyen pè Katolik ki te swiv tradisyon teyoloji liberasyon an, se premye Prezidan eli demokratikman an Ayiti e yon moun pep la renmen anpil, te sibi de koudeta ke Etazini te apiye. Li te fè pati mouvman ki te ranvèse rejim sanginè Divalye yo ki te dirije Ayiti ak sipò Etazini pandan 30 lane. Aristide te aboli lame a, li te ogmante salè minimòm lan, li te konstwi lekòl ak lopital, li te sipòte pwodiksyon manje lokal yo, e li te òganize jistis pou fanm ke militè te vyole yo. Li te mande reparasyon nan men Lafrans pou lajan yo te fòse pran lan men Ayiti pandan plizyè deseni. Yo te fòse li menm ak fanmi li pran ekzil nan Lafrik di sid. Apre anpil manifestasyon pèp ayisyen an ak sipòtè l yo nan anpil peyi te fè, li te kapab retounen nan lane 2011. Li rete tèt mouvman Lavalas mas pèp la. Jodi a sipòtè Lavalas yo se poto mitan rezistans kont aksyon anti-demolkratik Etazini ak alye yo ap fè. Pèp ayisyen an te peye yon gwo pri pou pèsistans ak detèminasyon revolisyonè yo. Depi retou li, Prezidan Aristide ansanm ak madanm li, kolèg li Mildred Aristide, te konstwi UNIFA, yon inivèsite kap bay etidyan ki pa gen lajan fòmasyon kòm doktè, enfimyè ak avoka pou yo kapab bay moun sèvis, epi tou yap konstwi yon lopital inivèsitè ke peyi a bezwen anpil.

Rapò Human Rights on the Lasalin Massacre

Pou plis enfòmasyon ale nan: Facebook

California Poor People’s Campaign 

Read this statement in English